Гуру Песен Популярное
А Б В Г Д Е Ж З И К Л М Н О П Р С Т У Ф Х Ц Ч Ш Э Ю Я
# A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z

Mikaben feat. J Perry - Ti Pam Nan | Текст песни

Yeee... malgre mizè l fè m pase
Heeey. mwen la pi rèd
Nan ki antrav m'pran la wo oy
Mwen la pi rèd
Anh...
Heeee… li te mèt fè sa li vle
Ti pam nan, ti pam nan
Ti pam nan, ti pam nan

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Li kenbe m tankou maryonèt
Li pase m tankou alimèt
Li fimen m tankou sigarèt
Tankou tafya li ban m maltèt
Li fè m kriye \"Wo woh wo woy\"
Li fè m rele \"Wo woh wo woy\"

Li bwè m tankou on ti tas kafe
Karesem kou ti lawouze
Li fè m kouri li fè m mache
Li fè m chita li fè m kanpe
Li fè m kriye \"Wo woh wo woy\"
Li fè m rele \"Wo woh wo woy\"

M'ap ba l tout vi m, m'ap ba l tout kè m
Bondye m renmen l, menm si l'ap ban m pwoblèm
Malgre tou sa l fè m pase, pou jan l fè m mache

Menm si m soufri, m'ap fè l ankò
San reflechi, lòt moun mèt pa dakò
Malgre tou sa l fè m pase, pou jan l fè m mache

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Mwen di se li m'anvi gate
Se li m'vle dòlote
Se li k fè san m mache
E se pou li ti kè m vibre
Lè mwen dòmi se li m reve
Se li mwen anvi bay love (baby girl)
Depi li la m'pa bezwen bat kò m
Tout bagay anfòm, mwen santi m ventòm
I tell her every day \"you so beautiful...\"

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Si w wè m'ap chante se pou
Ti pam nan, ti pam nan
Pafwa m'ap kriye se pou
Ti pam nan, ti pam nan
Tou sa m posede se pou
Ti pam nan, ti pam nan
Se li m'anvi gate, se pou letènite
Mwen di tout lanmou k nan kè m se pou
Ti pam nan, ti pam nan
E tout ti sekrè m se pou
Ti pam nan, ti pam nan
Tout rèv mwen, tout pwojè m se pou
Ti pam nan, ti pam nan
Se li ki sous bonè m

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Ti pam nan li fè m depale
Li fè tout san m mache
Li fè m fè sa li vle konsa
Li jwen m tankou ‘on bongo
L'ap fè m danse tango

Ti pam nan (baby girl)
Ti ti ti ti tipam nan tipam nan
Ti pam nan rèd, ti pam nan rèd
Ti pam nan
Ti ti ti ti ti pam nan, ti pam nan
(Kalite lanmou sa a moun pap konprann)
Ti pam nan rèd, ti pam nan rèd

@MardoFortus

Статистика страницы на pesni.guru ▼
Просмотров сегодня: 2
Видео
Нет видео
-